notícias musicais

top 13 artistas

top 13 musicas

Confira a Letra Lalin Ak Soley

Zafèm

Lalin Ak Soley

Solèy la di fò l leve l douvanjou
Lalin nan di li sou pran plezi l toujou
Kòk yo fin chante limyè limen moun wè yo moun wè yo
Zetwal yo kite syèl la toutouni
Ou ka wè jan tete lavi blayi
Tout moun ap founi je pou jwi

Tan an make lanmou ak lamitye
Pèsonn pa ka konprann
Se tout mon ki siprann
Chwi chwi chwi ap bouyi
Zen pete
Pèsonn pa ka konprann
Se tout mon ki siprann
Chwi chwi chwi ap bouyi
Tripotay la komanse

Granmoun ap ri kòlèt debraye
Lannwit se kouri l kouri l al kache
Moun sou latè wè tout fouk syèl la
Yo kenbe bondye k ap foure je gade
Depi w louvre je w ou pa ka pa gade
Depi w louvri je w ou pa ka pa gade
M di depi w louvre je w
Ou pa ka pa gade
Depi louvri je w
Fon w jan pou gade

Granmoun ap ri kòlèt debraye
Lannwit se kouri l kouri l al kache
Moun sou latè wè tout fouk syèl la
Yo kenbe God la k ap vòlè je gade
Depi w louvre je w ou pa ka pa gade
Depi w louvri je w frè fò w founi je gade
Maria k ap gade
Maria gadagadagade
Sagadou w lige
Gaya gaya
Gayagadegede
De je tout moun anlè y ap gade
Mahadeva mahadeva

Pèsonn pa ka konprann
Se tout mon ki siprann
Chwi chwi chwi ap bouyi
Zen pete
Pèsonn pa ka konprann
Se tout mon ki siprann
Chwi chwi chwi ap bouyi
Tripotay la komanse

Eye eye
Iyawo iyawo
Men zafem
Men zafem

Solèy la leve sou pwent pye l panse l pral sove
Men lalin gentan kenbe l
Sou kabann lanmè pou wè jan yape fè foli
Se pi bèl moman w moun ta dwe jwi

Tracker